Songtexte.com Drucklogo

Bernard Songtext
von Zenglen

Bernard Songtext

Banm bwè ti dlo pou sezisman
Pou sa pa fin tuye mwen
Mwen choke
Mwen trè dezapwente
Madanm marye m′ k'ale travay
Bliye telefon li lakay
Bagay sa vle mete dlo nan je m

Oh Gen you Bènadin hmm ki rele set fwa
Mwen pa dekwoche mwen pa reponn
Li pran voye tèks hmm mwen di fo m′ gade
Mwen ale tonbe sou you mesaj ki bay tèt fè mal

Eksplikasyon, se sa mwen ap ret tann o
Chaje ak kesyon ki bezwen repons
Eksplikasyon se sa mwen ap ret tann o
Mwen pap akuze men kè m' pa poze


La madame konnen Bènadin trè byen
Yo gen twa zan depi yap pale, pale san kanpe
Daprè sa mwen li madanm konn sou do
Juskaprezan mwen pap akuze yo de madodo

Eksplikasyon se sa mwen ap ret tann o
Chaje ak kesyon ki bezwen repons
Eksplikasyon se sa mwen ap ret tann o
Mwen pap akuze men kè m' pa poze

La madame konnen Bènadin trè byen
Yo gen twa zan depi yap pale pale san kanpe
Daprè sa mwen li madanm konn sou do
Juskaprezan mwen pap akuze yo de madodo


Ayayay Li konfese
Ayayay Li konfese peche a
Ayayay Li konfese
Li ban mwen laverite
Bernadine se Bernard Yo kite
Li rete Bois-Vernat Yo kite
Misye genyen viza
L′ konn vin vizite bo isit
Yo gen lontan y′ansanm Yo kite
Men yo sot fenk kite Yo kite
Li di se deja fini entre li menm ak misye

Songtext kommentieren

Log dich ein um einen Eintrag zu schreiben.
Schreibe den ersten Kommentar!

Fans

»Bernard« gefällt bisher niemandem.