Songtexte.com Drucklogo

Moving On Songtext
von T‐Vice

Moving On Songtext

M ap ekri w yon dènye mesaj
Mwen resevwa lèt ou jodi a
Avoka di m desizyon final
Nou pral divòse
Wi sa fè m mal ke lavi nou te pran lari
Yo pap konprann kijan sa detwi yon avni
Mizik fèt sou do m
Lasosyete te mèt ri
Men yo pa konprann kijan sa detwi yon fanmi
Ede m chante

M pat vle, m pat vle divòse
M pat vle, pou nou rekòmanse
Gade kijan lavi m chanje
Fanmi an ap separe
Timoun ape kriye
Rele Papa Bonyde o


Sikonstans fè nou pa ansanm
Men mwen pa regrèt
Mwen gen bèl souvni
Jodia m di w mèsi
Nou g on bèl tifi, Lia toujou ap souri
Se vre l raple m de ou
Nan je l m ap toujou ka reviv
Gad on mizè

Kote lanmou an pase?
Se pa konsa l te ye non
Fò w ta nan plas mwen o
Pou ta konprann mwen o
Baby Rey pap janm konprann
Fò w ta nan plas mwen o
Pou ta konprann mwen o
Konpa
Kote lanmou an pase?

I′m moving on, moving on
Mwen retire tout sa k nan kay la, pou mwen ka eseye bliye w
I'm moving on, moving on
Mwen sispann gad foto nou de, pou nostalji pa fin anvayi m
I′m moving on, moving on
M aksepte kounya ou ale, men nou g on pitit pou n leve
I'm moving on, moving on
Gad on mizè

Konpa ...wou
Kote lanmou an pase?


Wo tout sa k rive se destine – m ap kontinye
Wo m ap kite sa nan men Bondye – m ap kontinye
Woy pou m kontinye – m ap kontinye
Mwen di woy woy woy m ap kontinye
Woy woy woy m ap kontinye

Songtext kommentieren

Log dich ein um einen Eintrag zu schreiben.
Schreibe den ersten Kommentar!

Beliebte Songtexte
von T‐Vice

Quiz
Welcher Song ist nicht von Robbie Williams?

Fans

»Moving On« gefällt bisher niemandem.