Songtexte.com Drucklogo

Pouki Se Li Songtext
von Mikaben

Pouki Se Li Songtext

Yeahhh, kelkeswa kote ou ye la Grego
Mswete ti mizik sa rive sou ou
Mpap bliyew, mvle′w konnen ke nap toujou sonje'w (Mpap bliye′w)
Nou pap janm bliye'w wap toujou rete gravé nan memwa nou pou létènité (Mpap bliye'w)

Sa se pou ou
Msonje la Bèl epok
Alo baz
Saint Louis Jeanty

Tanpri ban mwen yon ti siy Senyè
Fè ke ti briz sila kapé souflé, se li k anvi fon ti palé avè mwen
Tanpri ban mwen yon ti siy Senyè
Fè ke ti lapli sa kapé tonbé seli ki anvi manyen′m poul dim li la
Mvoye mesaj san fin men anyen pa janm ka tounen pouki′l paka pale ee
Est ce paske li twò okupe
Mwen fè sanblan bliye'l
Men anyen pap janm ranplase′l vid sa twò gwo nan vim, Bondye

Pouki se li ke'w rele
Pouki se li sou tout latè beni (mw vle tounen bò kote′w)
Menm si'm soufriii mwen oblijé grandi (M′oblije aksepte volonte'w)


Pouki se li sou tout latè beni (mw vle tounen bò kote'w)
Menm si′m soufriii mwen oblijé grandi (M′aksepte volonte'w yeahhh)

Beni, wa va beni′l pou nou papa
E siw kwaze avèl nan paradi wa dil a ki pwen tout moun sonje li
Beni, wa va beni'l pou nou Bondye
E si′w bezwen yon modèl pou zanj ou yo
Wa di yo pou yo tout kopye Grego

Mwen swete lèm grandi ma gon pitit ki ka sanble li ma relel Gregory
Pou tout egzanp ke li trasé
Kouraj, pèsévérans, bonté, sajès ak byenveyans bon flannè menm se rans

Pouki se li ke'w rele
Pouki se li, sou tout latè beni (mw vle tounen bò kote′w)
Menm si'm soufriii mwen oblijé grandi (M'oblije aksepte volonte′w)
Pouki se li, sou tout latè beni papa (mw vle tounen bò kote′w)
Menm si'm soufriii mwen oblijé grandi (M′aksepte volonte'w) nou lageee wi laaa


Kasé konpa kasé
Ahhhhh Mkonnen ou renmen sa wi piti
Ralé pa, ralé pa, ralé pa
Virel ohhh zopodoo
Chanté
Kasé konpa kasé se zopodo
Men sa ki Mikaben lan
Mkonnen gen anpil moun ki pa negosye konpa yo la

Nou pap bliye′w ouuuuuh Grego nou pap janm bliye'w
Nou pap bliye′w non non npap janm bliye'w
La tè mèt sispann viré npap bliye'w
Nou pa sa kite′w alé npap bliye′w
Grego mwen sèmante npap bliye'w
Mwen pap janm ka bliye′w
Sonje tout moman nte pase npap bliyew

Songtext kommentieren

Log dich ein um einen Eintrag zu schreiben.
Schreibe den ersten Kommentar!

Beliebte Songtexte
von Mikaben

Fans

»Pouki Se Li« gefällt bisher niemandem.