Songtexte.com Drucklogo

Karidad Songtext
von Emeline Michel

Karidad Songtext

Nou vini kontre bab pou bab
Nou ri jis tan nou pa kapab
Lontan nou pa kwaze
Epa tout zanmi nou yo bwaze

Se te nan la Karidad
Ban m bay memwa w yon ti bourad
Jou pye mango vin konn pale
Gen de koze li pral koze

Zipitipitipim! yon bizou
Zipitipitipim! men lanmou
N ap chanje lèt, rankontre chak jou an kachèt
Ala sa te gou!

Zipitipitipim! yon zye dou
Zipitipitipim! de moun fou
Zipitipitipim! premye lanmou
Di m kiyès ki ka bliye


Pa gen yon jou nou te rate
Tropicana k t ap repete
Pi bèl renmen ki te mare nan katye a
Si w pa bliye

Papa m t ap travay Gonayiv
Lò manman Bizi ap fè lesiv
Jou pye mango vin konn pale
Ala koze li pral koze

Zipitipitipim! yon bizou
Zipitipitipim! men lanmou
N ap chanje lèt, rankontre chak jou an kachèt
Ala sa te gou!

Zipitipitipim! nou jalou
Zipitipitipim! yon zye dou
Zipitipitipim! premye lanmou
Di m kijan ou ka bliye

Mwen di, "la-la, la-la-la-la"
"La-la, la-la, la-la-la-la-la"
Mwen di, "la-la, la-la-la-la"
"La-la, la-la, la-la-la-la-la"


Jipon dore (Sanmanniga)
Ki fèt an lò (Sanmanniga)
Boutonnen sou kote (Sanmanniga)
Ki fèt an lò (Sanmanniga)

Jipon dore (Sanmanniga)
Ki fèt an lò (Sanmanniga)
Boutonnen sou kote(Sanmanniga)
Ki fèt an lò (Sanmanniga)

Ouh-ouh, ouh-ouh-ouh!
Jipon, jipon dore

(Sanmanniga) Sanmanniga (Sanmanniga)
Jipon dore (Sanmanniga)
Ki fèt an lò (Sanmanniga)
Ki fèt an lò, ki fèt an lò, cheri (Sanmanniga)

Sanmanniga
Sanmanniga
Sanmanniga
Sanmanniga
Sanmanniga
Sanmanniga
Sanmanniga, jipon dore
Ki fèt an lò
Ki fèt an lò, ki fèt an lò, cheri

Mmmh, mmmh!
Sanmanniga
Sanmanniga
Sanmanniga

Songtext kommentieren

Log dich ein um einen Eintrag zu schreiben.
Schreibe den ersten Kommentar!

Beliebte Songtexte
von Emeline Michel

Fans

»Karidad« gefällt bisher niemandem.