Songtexte.com Drucklogo

Pwopozisyon Songtext
von BélO

Pwopozisyon Songtext

Kanaval 2008 sa, Bélo vin fè n yon pwopozisyon
Chanjman! (Ye!)

Mwen g on rèv pou lakou a
Mwen ta vle pataje l avèk n
M ap pwofite de twa jou gra
Pou m ka di nou tout sa k nan kè mwen
Li lè pou sispann plenyen
Se pou tout moun mete men pou ti peyi a, chanje peyi a
Ayiti se nou l genyen, li p ap tann moun k ap sòti lwen vin ba li kout ba
Fè nou kriye chak fwa

Kisa pou n fè pou n ka sove
Ayiti k ap fin kraze?
Kisa pou n fè pou n ka sove
Pòtoprens ki defigire?
Kisa pou n fè pou n ka sove...?


Wo-yo, wo-yo, wo-yo-oh!
(Wo-oh-oh, oh-oh-oh, oh-oh-oh!)
Bagay sa p ap pase konsa (wo-oh-oh, oh-oh-oh, oh-oh-oh)
Ayiti p ap fini konsa (wo-oh-oh, oh-oh-oh, oh-oh-oh)
Ti peyi m lan p ap kraze konsa (wo-oh-oh, oh-oh-oh, oh-oh-oh)

Anpil malè rive n deja (wo-oh-oh, oh-oh-oh)
Se toujou menm senaryo a (o-oh-oh, oh-oh-oh)
Li lè pou n pran konsyans de sa
Chak jou, n pase nan degraba

Fò n sispann koupe pyebwa pou fè boujonnen lespwa
Nan tout peyi a, anwo kou anba
Chak fwa gout lapli tonbe, yon ban fanmi sinistre
Nou pote kole, men sa rekòmanse

Kisa k fè sa poko regle? (Wo-yo!)
Se paske nou neglije
Kisa k fè sa poko regle?
Anviwònman nou degrade
Kisa k fè sa poko regle? (Wo-yo, wo-yo, wo-yo)
Lanati fache, wo-yo!

(Wo-oh-oh, oh-oh-oh, oh-oh-oh)
Si n pa fè anyen, n ap peye pou sa (o-oh-oh, oh-oh-oh, oh-oh-oh)
Se timoun yo k pral soufri sa (wo-oh-oh, oh-oh-oh, oh-oh-oh)
Pèsonn p ap epanye lè lanati pral panche (wo-oh-oh, oh-oh-oh, oh-oh-oh)
Epi pèp Ayisyen, yon kesyon!


Èske n renmen peyi nou? (Wi, nou renmen peyi nou)
Si nou renmen peyi nou (leve men nou, leve men nou)
Èske n renmen peyi nou? (Wi, nou renmen peyi nou)
Si nou renmen peyi nou (frape men nou, frape men nou)
(Frape men nou, frape men nou)
Frape (frape men nou, frape men nou)
Pi fò! (Frape men nou)

Shake it over (shake it over)
Shake it over (shake, shake, shake it)
Shake it over (shake it over)
Shake it over (souke, souke, souke)

Shake it over (shake it over)
Shake it over (shake, shake, shake it)
Shake it over (shake it over)
Shake it over, epi Channmas (souke, souke, souke)

(Hello! Gad Bélo)
Epi w gen tan wè sa, m vin la a, se pa fè wè m non m
(Hello! Helo, Bélo)
Alo! M salye w tou, men s′on mesaj m vin fè pase (wo-oh-oh)
(Wo-oh-oh) Ragamam, Ragaman
(Wo-oh-oh)
Gad yon enèji non (wo-oh-oh)

(Hello! Gad Bélo)
M di sa deja wi, m pa vin fè wè la, come on!
(Hello! Hello, Bélo!) Sala

Pa koupe, pa koupe, pa koupe pyebwa
Se pa nenpòt kote pou n jete fatra

Pa koupe, pa koupe, pa koupe pyebwa
Se pa nenpòt kote pou n jete fatra

Depi w tande mwen manyen bann lan, bann lan kanpe
Lè bann Bélo a k pran lari, pa gen danje

Depi w tande mwen manyen bann lan, bann lan kanpe
Lè bann Bélo a pran lari, pa gen danje

Pa koupe, pa koupe, pa koupe pyebwa (pa koupe)
Se pa nenpòt kote pou n jete fatra (pa jete)

Pa koupe, pa koupe, pa koupe pyebwa (pa koupe)
Se pa nenpòt kote pou n jete fatra (non, non, non)

Depi w tande mwen manyen bann lan, bann lan kanpe
Lè bann Bélo a pran lari, pa gen danje

Pa koupe, pa koupe, pa koupe pyebwa
Se pa nenpòt kote pou n jete fatra

Pa koupe, pa koupe, pa koupe pyebwa
Se pa nenpòt kote pou n jete fatra

Pa koupe, pa koupe, pa koupe pyebwa
Se pa nenpòt kote pou n jete fatra

Pa koupe, pa koupe, pa koupe pyebwa
Se pa nenpòt kote pou n jete fatra

Songtext kommentieren

Log dich ein um einen Eintrag zu schreiben.
Schreibe den ersten Kommentar!

Beliebte Songtexte
von BélO

Fans

»Pwopozisyon« gefällt bisher niemandem.