Songtexte.com Drucklogo

Pari nan male'm Songtext
von BélO

Pari nan male'm Songtext

Lavi s′on boul ak revè
Sa yon nonm fè se li w wè
Li pi fasil pou fè mal
Men fò w wè l pa nòmal

Sonje byen nou tout se frè
Pèsonn pa renmen mizè
Yon ti farouch tou banal
Ka fè plis mal ke yon bal

Lè bab kanmarad ou pran dife
Ale mete pa w la tranpe
Pa fè yon frè w sa w pa vle l fè w
Pou pa antisipe malè w
Lè ou pwente m ak yon dwèt
Ou gen kat lòt sou ou, yeah


Pa ri nan malè m, nan malè m, nan malè m
Pa ri nan malè m, nan malè m
Pa ri nan malè m, nan malè m, nan malè m
Pa ri nan malè, nan malè m
Pa ri nan malè m, nan malè m, nan malè m
Pa ri nan malè, nan malè m (oh-oh-oh)
Tande sa m di ou
Pa ri...
Nan malè mwen

Se Granmèt la, Jah, Jah
Depi Sion ki di nou
Padone frè n chak fwa
Nou sonje jan l renmen nou
Pa janm rann mal pou mal
Fò nou pa fè bosal

Sonje vwazinaj se bon dra blan
Padone frè w pou tout sa l fè w
Li lè pou ka chanje kè w
Lè ou pwente m ak yon dwèt
Ou gen kat lòt sou ou, yeah!

Pa ri nan malè m, nan malè m, nan malè m
Pa ri nan malè m, nan malè m
Pa ri nan malè m, nan malè m, nan malè m
Pa ri nan malè, nan malè m
Pa ri nan malè m, nan malè m, nan malè m
Pa ri nan malè, nan malè m (oh-oh-oh)
Tande sa m di ou
Pa ri nan malè mwen


W ap ri nan malè m
Ou bliye w se frè m
Oh, non, non, yeah!
Poutan si w te nan kè mwen
Ou ta wè janm renmen w

Lè w wè yon malè rive
Se pa jou sa l nan ou
Si yon nonm respekte Bondye
Fè enpe, pa fè tout
Lè w wè yon frè w ki about
Pa ri, pito w ede l

Lè bab kanmarad ou pran dife (non, non)
Ale mete pa w la tranpe
Pa fè yon frè w sa w pa vle l fè ou
Pou w pa antisipe malè w
Lè w mete yon dwèt sou mwen
Ou gen kat lòt sou ou

Songtext kommentieren

Log dich ein um einen Eintrag zu schreiben.
Schreibe den ersten Kommentar!

Beliebte Songtexte
von BélO

Fans

»Pari nan male'm« gefällt bisher niemandem.