Songtexte.com Drucklogo

Istwa dwol Songtext
von BélO

Istwa dwol Songtext

Istwa senk jèn gason ki pran lanmè
K al chèche ki bò lavi fè kwen
Nèg sa yo te gen tan bouke ak mizè
Yo blije pati kite fanmi lwen
Yo pat menm gen yon destinasyon
Yo sou dlo, sou kont vag, sou kont van
Nèg sa yo te gen yon sèl vizyon
Kite Ayiti, fè kap yo pran van pou y ale

Ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh
Yo fin ale
Ou-ou-ouh, ouh-ouh-ouh ouh-ouh-ouh

Jou ap pase, nèg yo sou dlo
Dezespwa te anvayi yo
Pa gen manje, pa menm gen dlo
Kè sote te anpare yo
Gen youn ki di pase pou l ta tounen
Li ta pito lage kòl bay reken
Li jèn, li nan peyil, li gen de men
Chak jou, solèy la leve, l jwenn li p ap fè anyen


Ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh
Madanm k ap plenyen
Ou-ou-ouh, ouh-ouh-ouh ouh-ouh-ouh
Timoun k ap plenyen

Nèg sa yo menm jan avè n
Yo te renmen Ayiti Toma anpil
Yo te toujou nan lapèn
La vi pou nèg sa yo pa t fasil
Yo te oblije ale
Lamizè, lavi chè pouse do y ale

Peyizan ale, ale
Atizan, y ale, ale
Etidyan ale, ale
Krèm peyi a k fin ale
Nèg Geto ale, ale
Nèg an wo ale, ale
Machann dlo ale, ale
Ata ti zwazo yale

Pwoletè ale, ale
Pwofesè ale, ale
Sitaden ale, ale
Mizisyen yo fin ale vre


Ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh
Yo fin ale
Ou-ou-ouh, ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh
Peyi a kraze

Se Istwa senk jèn gason ki pran lanmè
K al chache ki bò la vi fè kwen
Nèg sa yo te gen tan bouke ak mizè
Yo blije pati kite nou lwen
Yo pa menm gen yon destinasyon
Yo sou dlo, sou kont vag, sou kont van
Nèg sa yo te gen yon sèl vizyon
Kite Ayiti, fè k ap yo pran van pou y ale

Ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh
Yo fin ale
Ou-ou-ouh, ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh
Yo te bouke
Ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh
Yo oblije
Ou-ou-ouh, ouh-ouh-ouh, ouh-ouh-ouh

Songtext kommentieren

Log dich ein um einen Eintrag zu schreiben.
Schreibe den ersten Kommentar!

Beliebte Songtexte
von BélO

Quiz
Wer singt über den „Highway to Hell“?

Fans

»Istwa dwol« gefällt bisher niemandem.