Songtexte.com Drucklogo

Ayiti leve Songtext
von BélO

Ayiti leve Songtext

Ayiti

Mwen gen plis twa jou, m sou de pye m
Pa gen lonb, yon ti van pa soufle
Moute mòn, tonbe nan platon
Pa menm yon sous, pa menm yon lagon
Si djakout mwen pa t chaje
Lafen t ap gen tan manje m
Si djakout mwen pa t chaje
Chak swaf t ap gen tan seche m

Bagay sa fè m mal
Li fè mwen santi (mwen ta kriye)
Bagay sa fè m mal
Li fè mwen santi (mwen ta kriye, kriye, kriye)
Ouh! Lè m wè ki jan peyi m lan ap kraze
(Mwen ta rele)
M oblije mande Ayiti leve


Li pa nòmal sou zile Kiskeya Boyo
Anpil moun ap soufri pou ti gout dlo
Li pa legal pou yon pwoblèm lopital
Frè nou yo ap soufri ak vant fè mal
Timoun yo ap mouri ak djare
Granmoun yo pa gen kay pou rete
Peyizan dekouraje plante
Yo koupe bwa boule

Nou gen lè pa wè Ayiti kraze
Nou gen lè pa wè 2004 pase
Nou gen lè pa wè Ayiti kraze
Mezanmi, anmwe!

(Mwen ta kriye, kriye, kriye)
Lè m wè ki jan peyi m lan ap kraze
(Mwen ta rele), oh, non, non!
M oblije mande Ayiti leve

Leve, leve
Ayiti leve
Leve, mache
Jou pa w la rive
Leve, leve
Ayiti leve
Leve, mache
Jou pa w la rive


(Mwen ta kriye, kriye, kriye)
Lè m wè ki jan peyi m lan ap kraze
(Mwen ta rele) non!
M oblije mande Ayiti leve

Songtext kommentieren

Log dich ein um einen Eintrag zu schreiben.
Schreibe den ersten Kommentar!

Beliebte Songtexte
von BélO

Quiz
Cro nimmt es meistens ...?

Fans

»Ayiti leve« gefällt bisher niemandem.